Yon bon nouvo ane

Yon bon nouvo ane.
Pou yon pou nouvo ane fòk ou aksyone ak padon, lanmou ak charite. Paske sa yo  ka fè ou  byen  ekonomikman, an sante, ak jwa e ak anpil bagay ke ou pa’t men’m espere.
Pou padone, ou dwe viv byen ak moun ki fè’w mal, rayi mal la, men bliye ke se moun sa kite fè’w mal , sa di pou kò an,  paske kò’w renmen revanj, men li dous pou espri’w. Sa pi  bon pou espri’w byen, olye espri’w boulvèse ak tout kò’w. Lè sa ou pèdi tou 2. La ou gentan pase yon vye ane ak rankin oufff.
Lanmou, renmen frè’w ak sè’w la menm jan’w renmen tèt ou, paske si'w fè yon moun mal, w’ap jwen mal tou. Pou fini ak fè mal , poze tèt ou kesyon avan’w aji, eske si yon moun fè’m sa eske m’ap dakò. Panse avan’w aji. Si’w fè mal menm lè se yon revanj w’ap jwen mal. Paske lapè pa fini pa laguè, si’w ahi mal ouff ane déjà mal.
Charite bay san tann anretou, bay sak mande’w , bay piti pa chich, bay ak tout kè’w pou lè yo fè’w ront ou byen meprize’w pou ka genyen fòs. Paske ou fè li ak tout kè’w.  3 bèl epe pou batay fizik e spirityèl. Aji ak 3 epe sa yo, se pa Selman ane 2017 la K’ap byen pou ou , men se tout ane w’ap pase sou tè sa. Mwen pap swete ou sèlman pou ane 2017 la men pou tout tan ke ou ap pase sou tè sa.
Jan mwen toujou di’l patage li , pa patage li. W’ap beni men si’w mete li anpratik. Bon ane ak ou  ke Adonaï-Yireh Elohim-Yireh. Beni’w, protegew e ba ou force pou mete paròl la anpratik pou ka beni nan tout vi’w. E Viv byen pandan tout vi’w.
Laurent Bertsley

LE PSG CONFIRME QU'EDINSON CAVANI ET THIAGO SILVA SONT PRÊTS À PARTIR EN TANT QU'AGENTS LIBRES

Leonardo, dans une interview au 'Journal du Dimanche' , a annoncé ce soir qu'Edinson Cavani, Thiago Silva, Thomas Meunier, Layvi...