Jodya se anivèsè youn nan pigwo 6 football la konnen kise FERNANDO REDONDO kap fete 51 ane l. Kiyes ki REDONDO? EL PRINCIPE te jwe nan peyi l an Argentine nan club Argentinos juniors pandan plizye ane avan l tale an ewòp nan club Tenerife an Espagne kote l ta pral pase 4 sezon, pou bel pèfòmans li nan CD Tenerife Redondo ta pral rejwenn meyè club mond lan, Réal Madrid, sela Argentin an ta pral plis briye an ewòp pandan 6 lane lita pral vini meyè 6 nan Football la e pami yonn nan meyè jwè nan pòs sa nan istwa jwèt la.
Fernando Redondo se yonn nan jwè ki revolisyon pòs medyan defansif la pa rapò ak ezans teknik li, kalite pas lyo kout e long, kalite drib lyo tefè deli veritab lidè teknik Real Madrid pandan pasaj li nan club meringue a, kote l te ranpote 2 C1, 98 e 2000, an 2000 rete memorab pou FERNANDO REDONDO, se yonn nan pigwo ane Prince Argentin an dayè se ane sa l kite nan jwèt la yonn nan pibèl drib li envante, jès sa rete make lespri tout moun, yon jès li ta pral reyalize fas United, drib ki pote non l.
Si w pat viv Redondo w pèdi anpil, pou mw se jwè kipi teknik mw viv kom medyan defansif depi le m ap gade football, mw menm tj ap poze tèt mw kesyon eske REDONDO sepa premye REGISTA football la avan le Majesté PIRLO ?
HBD le Prince 👌🏿
Sony ELIATUS.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire